放大镜
搜索加载器

Heather L. Beal 
Van Elefan (Haitian Creole Edition) 
Yon liv Sekirite nan ka Toubiyon

支持

Mom’s Choice Award Winner

2018 Silver Medal Readers’ Favorite Children’s Social Issues

The Haitian Creole Edition of Elephant Wind

Klas matènèl Lily ak Niko a patisipe nan fwa syantifik lekòl primè a pandan yon alèt toubiyon deklanche. Yo aprann kòman yon toubiyon sanble ak twonp yon elefan epi li sonnen tankou yon tren. Yo aprann tou ki kote yo ka ale pou yo an sekirite. Lè yo aprann ke toubiyon an te andomaje kay yon vwazen, yo reyini pou ede nan fason pa yo.


Li liv sa se yon bon mwayen pou paran, responsab gadri, ak moun k’ap bay swen, pou pale ak timoun piti yo ak timoun ki nan laj preskolè sou toubiyon nan yon fason ki pa fè pè. Tande mizik la, telechaje yon postè gratis ak yon sètifika fòmasyon sou sekirite nan ka toubiyon sou train4safety(dot)com. Sèlman seleksyone bouton Ready Tots epi Resources nan meni an.


€5.49
支付方式

关于作者

Heather te fòme pou bay li a 100% nan tout sa l’ap fè. Depi nan premye eksperyans li yo nan Skout Fanm, pase pa anpil evenman ak oganizasyon benevòl, li te toujou chèche fè diferans. Apre li fin pran diplòm inivèsitè li, li sèvi peyi nou an pandan 23 lane nan sèvis Marin. Devwe pou amelyore tèt li, Li pran Metriz nan etid Azyatik, rezolisyon konfli, politik cyber-sekirite ak jesyon ijans nan sèvis aktif. Li kalifye kòm Jesyonè Ijans Sètifye (CEM) avèk Asosyasyon Entènasyonal Jesyonè Ijans epi li gen nivo Ph D nan Jesyon Ijans avèk yon espesyalite nan rekiperasyon timoun. Antanke paran aktif de timoun, li te pran konsyans de anplè lakin nan domèn fòmasyon ak resous nan domèn rekiperasyon nan ka ijans pou responsab sèvis gadri epi lijire pou mete eksperyans li, edikasyon l’, pi enpòtan ankò kontribisyon l’ pou ede amelyore limit aktyèl yo an sèvis. Anplis de liv li pibliye pou aprann timoun kisa pou yo fè lè gen katastwòf, li kreye yon òganis ki pap travay pou lajan, BLOCKS. Objektif BLOCKS se ede prepare sèvis gadri pou katastwòf. Ou ka aprann plis sou aktivite òganizasyon li a sou www.blocksusa.org. Tanpri vizite www.train4safety.com pou aprann plis sou lòt liv ki disponib pou ede prepare pitit ou yo pou katastwòf oswa pou sijere domèn ke nou dwe konsantre sou yo. Mèsi pou sipò w’ epi bon lèkti!
格式 EPUB ● 网页 27 ● ISBN 9781947690264 ● 文件大小 13.7 MB ● 年龄 17-8 年份 ● 出版者 Train 4 Safety Press ● 发布时间 2021 ● 版 1 ● 下载 24 个月 ● 货币 EUR ● ID 8216897 ● 复制保护 Adobe DRM
需要具备DRM功能的电子书阅读器

来自同一作者的更多电子书 / 编辑

55,458 此类电子书